Accessibility links

Breaking News

Om Politik Ayisyen Eric Jean Baptiste Mouri Anba Bal nan Laboul


Foto Achiv: Yon priz vi Be Potoprens depi Laboule 12, ki se yon katye boujwa kote gang Ti Makak ap eseye kontwole net.
Foto Achiv: Yon priz vi Be Potoprens depi Laboule 12, ki se yon katye boujwa kote gang Ti Makak ap eseye kontwole net.

Eric Jean Baptiste, polisyen opozisyon Ayisyen e Sekretè Jeneral pati Rassemblement des Démocrates Nationaux Progressistes (RDNP), ak PDG Père Eternel Lotto, mouri anba bal bandi ak zam nan Laboul 12 Vandredi swa.

Dapre nouvel yo bandi yo tire sou machin blende li nan moman li tap antre lakay li vè 10 zè di swa. Jean Baptiste te blese nan atak la e yo te mennen li lopital men li pa siviv. Gad di kò li, ki te akonpaye l mouri nan atak la tou.

25 Oktòb, Jean Baptiste te pami politisyen ki te siyen yon antant politik ke yo dekri tankou yon "konpwomi istorik" pou soti Ayiti nan kriz politik la.

Menm jou sa a li te pibliye 2 mesaj sou kont Twitter li kote li te fè komantè sou tantativ asasina kont jounalis Roberson Alphonse la.

"Mèsi Bon Dieu ak tout sa nou pa wè yo pou pwoteksyon Roberson Alphonse jwi anba kriblay asasen. Pi ta se pral tou pa kilès? Eske lap gen menm chans la? Dirijan ki pa sekirize vi, ki pa pèmèt menm ti moun al lekòl, sa yo itil?"

Nan yon dezyèm tweet li te pale sou ekonomi an ak responsab peyi a.

"Agoni ekonomi an ap kontinye. Ensekirite fè Ayiti paka voye vann mango lòt bò dlo ankò. Abse pral sou klou goud la, mwen devis pral disponib. Desant ozanfè a ap kontinye. Vre pwotagonis kriz dyak sou dyak la, yon konpwomi istorik obligatwa."

Anbasad Etazini kondane asasina a nan yon mesaj li pibliye Samdi sou kont Twitter li.

"Anbasad Etazini kondane asasina brital @e_jeanbaptiste RDNP ansanm ak 6 lòt moun Jivenat. Nou ofri fanmi viktim yo senpati nou."

Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti, BINUH pibliye yon kominike sou kont Twitter li kote li kondane asasina a tou.

"Biwo Entegre Nasyonzuni an Ayiti kondane ak tout fòs asasina vandredi 28 Oktòb, Eric Jean Baptiste, Sekretè Jeneral RDNP ak ansyen kandida a la prezidans ansanm ak gad du kò li.

Jean Baptiste te yon òm politik angaje ki tap travay pou konsolidasyon demokrasi ak eta de dwa an Ayiti. Asasina li se yon atak kont valè fondamantal li yo."

BINUH lanse apèl bay otorite yo pou yo arete e mennen devan la jistis responsab yo. BINUH ajoute li "tè preokipe" pa agravasyon klima ensekirite a e li mande otorite nasyonal yo deboule jefò yo pou amelyore sityasyon an.

Anbasad la Frans kondane asasina a tou sou kont Twitter li.

"Anbasad de France an Ayiti apran ak orè e li kondane ak fòs asasina M. Eric Jean-Baptiste, Sekretè Jeneral RDNP. Anbasad la voye senpati li bay fanmi, zanmi li ak pwòch defen an."

Premye Minis Ariel Henry pibliye 2 tweet sou lanmò Jean Baptiste sou kont ofisyèl Twitter li pi bonè nan jounen an.

"Asasina orib lidè politik Eric Jean Baptiste ak gad di ko li, yon lòt fwa ankò, plonje nasyon Ayisyen an nan emosyon. Nou kondane enèjikman krim rayisab sa a kont yon patriyòt,yon om politik modere ak angaje pou chanjman.

Nan non gouvenman an ak pèp Ayisyen an nou prezante kondoleyans sensè nou bay fanmi viktim yo, RDNP ak klas politik la ki degoute pa krim mechan sa a."

Moun kafou, kote Eric Jean Baptiste te moun, te pran lari pou reyaji a nouvel la Samdi maten. Yo te boule kawotchou tou pou eksprime kòlè yo.

Robert Jean Paul, se yon manm pati RDNP.

"Jounen jodia nou kondane zak sa a kont Eric Jean Baptiste la, yon lidè nan kominote a kap bay peyi a sèvis kap bay jèn gason ak jèn fi anplwa andan peyi a. Tout bagay fèmen nan kafou a e se ak dlo nan je. Se youn nan moun ki respekte moun... e kontribye nan aktivite sosyal kap fèt andedan peyi a."

"Gen plizyè moun li tap bagay travay chak jou andan peyi a. Sa ki fèt la a, pral genyen yon ansanm de moun ki pral nan chomaj fas avèk tonbe Eric Jean Baptiste la. Si jodia te gen dirijan, sak rive a patap rive," yon manifestan di VOA Kreyol.

"Sa fè nou mal anpil paske nou konnen se la misye grandi, se poutèt sa nou di nou paka kite sa pase konsa. Se sak fè depi maten nan leve e nou deside puiske nou deja nan yon misyon, nap goumen kont ensekirite, pwoblèm peyi a, pwoblèm lavi chè, pwoblèm koripsyon pwoblèm Ariel kreye nan peyi a, se sak fè jodia ankò, nou pat gen sa nan plan nou - nou kanpe la pi rèd paske nou di fòk nou fini ak ensekirite a," yon lot manifestan di VOA.

Li poko klè kiyès ki dèyè atak la ni pou ki rezon yo te vize misye. Sepandan, nan zòn kote atak la fèt la, gang Ti Makak la aktif.

XS
SM
MD
LG