Accessibility links

Breaking News

Bandi Enkoni Tire e Blese Jounalis Magik 9 Roberson Alphonse


Machin jounalis Ayisyen stasyon radyo Magik 9, Roberson Alphonse, apre bandi ak zam tire sou li nan granm maten Madi 25 Oktob, 2022.
Machin jounalis Ayisyen stasyon radyo Magik 9, Roberson Alphonse, apre bandi ak zam tire sou li nan granm maten Madi 25 Oktob, 2022.

Bandi ak zam tire sou machin jounalis Ayisyen Roberson Alphonse bonè madi maten 25 oktòb 2022 a nan moman li ta pral nan estasyon Radio Magik9 pou anime pwogram maten Panel Magik la.

Redaktè an chèf jounal Le Nouvelliste ki se an menm tan direktè Magik9, Frantz Duval pibliye plizyè mesaj sou kont Twitter li, kote li bay kont randi sou sak pase a.

Dapre Duval toujou, yon "bon samariten" te pote Roberson sekou anvan setè maten an epi rete seyman yo. Apre sa gen 2 ekip medikal ki te rive sou sèn nan.

Aktyelman jounalis Roberson Alphone twouve l lopital kote l ap resevwa swen medikal pou blesi li yo. Duval di kondisyon li "estab" e ke li te pale ak jounalis la.

Nan yon nòt ki parèt nan Le Nouvelliste, , administrasyon an prezante ensidan an kòm yon tantativ pou te asasinen jounalis la.

Ensidan an rive nan Delmas 40B nan Pòtoprens, kapital peyi Dayiti.

XS
SM
MD
LG