Accessibility links

Breaking News

Asosyasyon Jounalis Ayisyen a L'Etranje 'Endiye, Ke li Touche' Apre Tantativ Asasina Kont Roberson Alphonse


Enpak katouch sou vit machin jounalis Roberson Alphonse apre atak la Madi 25 Oktob, nan Potoprens, Ayiti.
Enpak katouch sou vit machin jounalis Roberson Alphonse apre atak la Madi 25 Oktob, nan Potoprens, Ayiti.

Asosyasyon Jounalis Ayisyen a l Etranje (AJHE) fe konnen se ak 'orè, endiyasyon epi sa touche kè li, lè li tande nouvèl sou tantativ asasina ki fèt kont jounalis Roberson Alphonse Madi 25 Oktòb la.

AJHE eksprime sipò li pou pwòch viktim nan, kolèg li yo, Le Nouvelliste, ak Magik 9.

Asosyayon an di sak rive Roberson Alphonse reprezante pou li yon lòt zak agresyon kont laprès kote malgre tout asasina ak menas ki fèt yo, responsab yo rete inpini.

"Atak sa yo, kèlkeswa kote yo soti dwe sispan imedyatman," AJHE di nan nòt li pou laprès.

AJHE Lanse apèl bay otorite Ayisyen yo pou yo jwenn moun ki komèt tantativ asasina kont Roberson Alphonse epi mennen li devan la jistis.

XS
SM
MD
LG