Accessibility links

Breaking News

Almay: Otorite yo Arete Plizyè Moun Yo Sispèk Mele nan yon Konplo Koudeta


Princ Hajnrih Trinaesti uhapšen je u Frankfurtu
Princ Hajnrih Trinaesti uhapšen je u Frankfurtu

BERLIN (AP) — Lapolis nan peyi Almay arete apeprè 25 moun, ladann gen yon sitwayen ki te fè tèt li pase pou yon prens, yon parachitis ki an retrèt, yon ansyen jij, avek plizyè lòt sispè.

Otorite yo akize sispè yo dèske yo tap diskite pou ranvèse gouvènman an, men li pa klè ki sa plan an te ye.

Yon ofisyèl Alman ak yon lejislatè te di Mèkredi ke envestigatè yo ka detekte si konplo a te reyèl, oubyen si se te jwèt.

Otorite yo di Almay pran nenpòt menas zèl dwat trè oserye.

Yon pòtpawòl gouvènman an di gwoup la te planifye pou aboli ak vyolans eta de dwa Almay la epi fè yon atak ame sou bilding palman an.

XS
SM
MD
LG