Accessibility links

Breaking News

Robo Ede Detekte Atrit


Wobo Ede Swaye Pasyan kap Soufri ak Reumatris, Atrit
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:30 0:00

Wobo Ede Swaye Pasyan kap Soufri ak Reumatris, Atrit

Mette Spangsgaard se yon pasyan ki soufri ak reumatis. Jodia, li pral sibi yon egzamen ultra-soner nan yon lopital nan sid Danmark. Se yon wobo ki pral fe egzamen an.

Dokte yo te jwen ke pasyan an, ki gen 45 an ap soufri ak atrit - yon maladi ki atake sitou jwenti ko a. Yo te diyagnostike l an 2014. Pwoblem sante li yo te lakoz li te oblije pran retret li kom pwofese lekol.

" Yo te jwenn maladi a an reta donk kounyea mwen gen kek chanjman sitou nan pye mwen, zo ko mwen e se pou lavi. Le ko a chanje konsa ou paka fe bak. Donk li enpotan paske sa map fe kounyea pral afekte avni mwen, kijan mwen mache, elatriye."


Yon wobo ki rele ARTHUR (Arthritis Ultrasound Robot sevi ak yon gra pou skane 11 jwenti nan chak men.

Soeran Andreas Just se yon konsiltan ki espesyalize nan reumatis.

" Nou konnen egzamen ultrasone jwenti yo se yon bagay standar kounyea ki ka detekte reumatis tre bone. Donk ide nou se devlope yon sistem ki bay pasyan nou sispek gen atrit yochans amen konsa pou determine si se sa oubyen si se pa sa."


Just te vini ak ide sa a apre yo te pale ak ekspe laboratwa wobotik Inivesite Sid Danmark la.

Apre wobo Arthur la fin pran foto ultra soner yo, li analize yo gras ak yon lojisyel entelijans atifisyel. Apre sa li voye yon rapo bay dokte yo ansanm ak yon dosye sante elektwonik.

Yo di wobo a kapab skane men 2 pasyan nan 12 minit, kivledi li ka egzaminen otan ke 4 pasan pa he.

Dokte yo di se yon bagy ki enpotan pou diyagnostike reumatis bone pou evite moun pedi fonksyon jwenti yo.

Skan ultrasoner men ak ponyet yo konn revele siy maladi a bone. Yo rekomande tretman nan yon espas 12 semen apre premye sentom yo.

"Menm pasyan an si yo detekte maladi a bone, kapab swaye ak mwens medikaman ke yo pasyan ki dekouvri li gen reumatis pi ta, kote sistem imino defans la deja nan pwoblem. Sa koute bokou pi che tou epi pasyan an riske andomaje jwenti li yo."

Just devlope wobo a ak pwofese wobotik medikal Thiusius Rajeeth Savarimunthu. Li sevi ak yon bra wotobik setifye ke konpayi Alman KUKA fabrike ansan ak teknoloji ultra-soner.

Apre yo te pase 3 zan ap devlope li, ARTHUR te jwen apwobasyon CE Inyon Ewopeyen an ki jere standar sante ak sekirite. Sa te vle di li te ka vann toupatou sou kontinan an.

" Byen antandi nan sikonstans medikal - eksepte pou sal operasyon an ouvle pou wobo yo ko-egziste ak kretyen viva, e ROPCA nou an se konsa li ye. Nou sevi ak yon Cobot ou dimwens yon wobo ki setifye pou travay bo kote pasyan yo."

Woto ARTHUR la komanse sevi regilyeman nan lopital Danwaz la nan mad Desanm nan.

Almay ak Kanada di yo enterese nan teknoloji sa a tou epi FDA Etazini an taka aplike pou itilize li pou pasyan Ameriken yo tou.

Men pri a taka poze kek pwoblem pou sistem swen sante ki gen pwoblem finansye. Chak wobo koute 150,000 Ewo.

Pwofese reumatoloji Lene Terslev di gen yon plas pou teknoloji a petet nan klinik kote pa gen anpil pwofesyonel medikal kap travay. Sepandan li kwe le fet ke wobo a poko ka skane pye yo se yon limitasyon.

" Si prensipal sentom yo se nan pye yo ye wobo a pap detekte yo paske se men yo selman li skane. Men nou gen done ki sigjere plis pase 90 pousan pasyan yo gen maladi a nan men yo tou. Selon sentom pasyan an, wobo a kapab benefisye yo oubyen li ka pa benefisye yo. Men m'kwe pou majorite pasyan yo nap kapab detekte maladi a menm si nou skane men yo selman."

Pasyan Spangsgaard gen espwa li ka reprann metye pwofese li yon jou.

Li ajoute li espere wobo tankou ARTHUR ka detekte maladi atrit pi bone pou lot pasyan pase jan sa te pase pouli.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG