Accessibility links

Breaking News

Putin Di Zam Nikleyè Li Yo Se Yon Zouti Pou Dekouraje Ikrèn


Russia Putin
Russia Putin

Prezidan Ris Vladimir Putin te salye aneksasyon teritwa Ikrenyen yo nan Larisi kòm yon gwo reyalizasyon Kremlin an nan kad "operasyon militè espesyal" li a.

Nan yon chita pale mèkredi ak manm Konsèy Dwa Moun prezidansyèl la, Putin te dekri zam nikleyè peyi li kòm yon zouti li genyen pou dekouraje Ikrèn nan lagè a.

Nan fen mwa septanm, Putin te anekse ilegalman 4 rejyon nan Ikrèn.

Li te repete ke Larisi te pare pou sèvi ak "tout mwayen ki nan disposisyon li" pou pwoteje teritwa li yo, ki gen ladann zòn sa yo ke li anèkse nan Ikrèn.

Mèkredi, li te rejte kritik peyi oksidantal yo ki fè konnen ke deklarasyon sa yo te reprezante yon dezòd nikleyè.

Putin te kontinye poul di “Nou poko fache. Nou totalman okouran de kisa yon zam nikleyè reprezante” .

XS
SM
MD
LG