Accessibility links

Breaking News

Black Out Nan Ikrèn: Gwo Mache Prese Pou Voye Dèlko Nan Kiev


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Donatè entènasyonal yo nan gwo kouri pou wè si yo ka ede Ikrèn jwenn jeneratè, ak lòt èd apre plizyè frap Ris kont sistèm enèjetik li yo.

Lè fòs Larisi yo te lanse yon kanpay militè kont enfrastrikti kle ki enpòtan nan Ikrèn, Atak sa yo te afekte lavi moun yo tankou sistèm elektrik, sa ki lakoz sitwayen yo pa gen aksè ak kouran, ni dlo nan kay, menm lekòl ak lopital yo nan difikilte pou fonksyone nòmalman.

Gouvènman an nan Kiev ak peyi oksidantal kounye a mete tèt yo ansanm ak Nasyonzini pou yo wè si yo ka jwenn èd pou soulaje popilasyon an. Pami èd yo genyen dra, izolasyon, dèlko, founiti medikal, lajan kach ak lòt bagay premye nesesite ke pèp la ka itilize pandan sezon fredi ki nan wout poul antre sou yo.

Malgre yap travay pou yo jwenn yon repons rapid, yon ofisyèl Nasyonzini te di semèn sa a, "Nan Ikrèn jodi a, kapasite pou sivil yo siviv sezon fredi a anba atak".

XS
SM
MD
LG