7 peyi Ewopeyen yo, ki gen ladan Espay, rapòte vandredi ke yo te resevwa koli ki gen ladan yo je bèt.
Yon gad sekirite nan anbasad Ikrenyen an nan kapital peyi Espay te blese nan 30 novanm pandan l tap louvri youn nan koli sa yo ki te adrese ak anbasadè a.
Otorite yo te bloke 4 lòt koli ki te gen ladann yo aparèy eksplozif, epi youn ladan yo te adrese ak Anbasad Ameriken an.
Yon semèn avan yo te dekouvri yon pakè menm jan an ki te adrese ak premye minis Espay la Pedro Sánchez. Koli sa yo anba envestigasyon kòm zak teworis.