Accessibility links

Breaking News

Ikrèn di Yo Voye Je Bèt Nan Kèk nan Anbasad li yo


Vatican Ukraine
Vatican Ukraine

Yon ofisyèl Ikrenyen di anbasad ak konsila Ikrenyen nan 6 peyi sou kontinan Ewòp la te resevwa plizyè koli ki soti lapòs ki gen je bèt ladan yo.

Yon pòtpawòl Ministè Afè Etranjè a deklare ke anbasad Ikrenyen yo nan plizyè peyi an Ewòp te resevwa plizyè nan koli sa yo.

Lis peyi sa yo se Ongri, La Oland, Polòy, Kwoasi ak Itali. Yo te resevwa "koli sa yo" ansanm ak konsila nan Napl, Itali; Krakowi, Polòy ak vil Tchekoslovaki Brno.

Ministé a kontinye poul di "Nou ap etidye siyifikasyon mesaj sa a."

Pakè sa yo te rive apre youn nan anbasad nan peyi espay te resevwa yon koli ki te gen yon aparèy eksplozif ki te eksploze lè yo te louvri l Mèkredi epi blese yon anplwaye.

XS
SM
MD
LG