Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Scholz Mande Putin Retire Twoup li Pou Pèmèt Yo Jwenn Yon "Solisyon Diplomatik"


Chanselye Alman an, Olaf Scholz, te pale nan telefòn ak prezidan Ris Vladimir Putin, vandredi.

Nan konvèsasyon sa Scholz te mande Putin pou li mande twoup li yo kite Ikrèn pou yo kapab chita pale pou yo jwenn yon "solisyon diplomatik".

Pòtpawòl gouvènman an Steffen Hebestreit te di nan yon deklarasyon ke konvèsasyon nan telefòn ant 2 lidè te dire 1 èdtan, Mesye Scholz "ensiste bay prezidan Ris nesesite pou yo jwenn yon solisyon diplomatik pi vit posib".

XS
SM
MD
LG