Accessibility links

Breaking News

Larisi Rejte Lidè pou l ta Rale Kò li Soti Ikrèn kòm Kondisyon pou Negosyasyon


Foto Achiv: Moun mache bo kote teyat rejyonal akademik Donetsk la ki sitye nan Mariupol, Ikren.
Foto Achiv: Moun mache bo kote teyat rejyonal akademik Donetsk la ki sitye nan Mariupol, Ikren.

Larisi rejte deman l Oksidan fè pou l rale kò li soti Ikrèn konplètman kòm kondisyon pou nempòt ki chita pale nan lavni pou mete fen nan lagè a. Larisi di li ekate tout posibilite pou sa fèt pou rezoud konfli a.

Pòtpawòl Kremlen an, Dmitry Peskov reitere Prezidan Rus la, Vladimir Putin rete ouve sou posibilite pou louvri chita tande men demann pou Moskou rale twoup li yo soti Ikren pa akseptab.

Kòmante sa a vini nan moman Putin tap pale nan telefòn ak Chanselye Alman Olaf Scholz Vandredi maten. Scholz ankouraje yon solisyon diplomatik ki te gen ladann demann pou Larisi pati kite Ikrèn.

Scholz di Putin klèman ke "fòk gen yon solisyon diplomatik pi vit posib, ki gen ladann yon retrè twoup Ris yo."

XS
SM
MD
LG