Accessibility links

Breaking News

Mawòk Avanse nan Faz Eliminatwa a Apre li Kale Kanada 2-1


Jwe seleksyon nasyonal Mawok yo fete viktwa yo pa pote antrene a Walid Regragui apre fen match yo kont Kanada nan Gwoup F la, Jedi 1 Desanm 2022 nan Qatar.
Jwe seleksyon nasyonal Mawok yo fete viktwa yo pa pote antrene a Walid Regragui apre fen match yo kont Kanada nan Gwoup F la, Jedi 1 Desanm 2022 nan Qatar.

Mawòk avanse nan faz eliminatwa Mondyal Foutbòl Qatar la pou sèlman dezyèm fwa apre li ranpòte la viktwa 2-1 sou Kanada.

Sèl lòt fwa Mawòk te avanse konsa sete an 1986.

Jwe Mawoken yo selebre viktwa yo nan Gwoup F la sou Kanada, 1 Desanm, 2022.
Jwe Mawoken yo selebre viktwa yo nan Gwoup F la sou Kanada, 1 Desanm, 2022.

Hakim Ziyech make yon gòl nan 4èm minit la apre yon erè gadyen Kanadyen an, Milan Borjan te fè kote li pat pwoteje filè a.

Youssef En-Nesyri make dezyèm gòl la pou seleksyon nasyonal Mawòk la.

Kanada te make yon gòl gras ak Nayef Aguerd, men li pran kannè apre li pèdi tou le 3 match li yo.

XS
SM
MD
LG