Accessibility links

Breaking News

Obama Pral Jòji nan Moman Warnock ap Eseye Pran Devan nan Dezyem Tou Eleksyon an


Former U.S. president Barack Obama attends a campaign rally for Senator Raphael Warnock, in Atlanta
Former U.S. president Barack Obama attends a campaign rally for Senator Raphael Warnock, in Atlanta

Elektè nan eta Jòji deja depoze plis pase yon milyon bilten vòt, anvan dezyèm tou eleksyon ki fikse pou 6 Desanm, pou yon syèj nan Sena Etazini. Se Demokrat Raphael Warnock, ki deja yon senatè kap twoke konn ni ak Repibliken Herschel Walker, yon ansyen foutbolè.

Warnock ap eseye pwofite avans Demokrat yo genyen pami moun ki deside vote bonè, lè Barack Obama, ansyen prezidan Etazini vizite eta a.

Obama pral mennen kanpay pou Warnock lavèy dènye jou eleksyon bonè a.

Miting lan takapab pi gwo rasanbleman politik kanpay Warnock la ap mennen depi 4 semèn pou ankouraje elektè yo re-eli li nan sena a.

Demokrat yo ap eseye depoze otan bilten posib, pandan ke Repibliken yo - pami yo Walker, adopte yon apwòch ki mwen agresif e ki takapab lakoz Walker oblije depann sou kantite moun ki al vote jou eleksyon an pou yon viktwa.

XS
SM
MD
LG