Accessibility links

Breaking News

Nouvo Restriksyon sou Vòt pat Anpeche Ameriken Vote nan Eleksyon Mi-Manda a


Foto Achiv: Anplwaye yon biwo d vot nan Sandy Springs, Joji, 8 Nov. 2022.
Foto Achiv: Anplwaye yon biwo d vot nan Sandy Springs, Joji, 8 Nov. 2022.

Etazini gen youn nan kous pou Sena nan eleksyon mitan manda yo ki pako rive nan konklizyon, ki mande yon 2èm tou 6 Desanm k ap vini an nan eta Jòji nan sid peyi a. Anpil moun te vote malgre gen nouvo restriksyon sou vòt la ki fè kèk obsèvatè te pè pou sa pa dekouraje elektè pòv yo ak minorite yo, fè yo pa vote.

Sekretè Deta nan Jòji, Brad Raffensperger, yon Repibliken, di nan yon konferans pou laprès nouvo lwa yo sou vòt la pa te gen efè sou patisipasyon popilè a e ke yo te evite anbouteyaj paske yon kantite rekò elektè te pwofite vote an pèsòn anvan jou eleksyon an, e ke gen lòt ki te vote kòm absan pa lapòs.

Nan sèlman 2 semèn ankò, pwal gen yon lòt tès sou patisipasyon popilè a, kote Senatè Demokrat an fonksyon Raphael Warnock ap fè fas ak advèsè Repibliken Herschel Walker. Plis pase 3 milyon 800-mil moun te vote 8 Novanm pase, men okenn kandida pa te gen plis pase 50 pousan vwa nan yon kous ki te gen kandida yon 3èm pati, sa ki te voye 2 kandida ki devan yo nan 2èm tou.

XS
SM
MD
LG