Accessibility links

Breaking News

Chanm dè Reprezantan Etazini Remèt Baton Lidèchip-la bay yon Jenerasyon ki pi Jèn


Lide kokis demokrat Lachanm Depite Etazini Hakeem Jeffries, ki reprezante eta Nouyok nan Kongre a, rive nan Capitol la anvan eleksyon pou chwazi yon nouvo lide pou Demokrat yo nan Lachanm.
Lide kokis demokrat Lachanm Depite Etazini Hakeem Jeffries, ki reprezante eta Nouyok nan Kongre a, rive nan Capitol la anvan eleksyon pou chwazi yon nouvo lide pou Demokrat yo nan Lachanm.

Chanm dè reprezantan Etazini an remèt baton lidèchip-la bay yon jenerasyon ki pi jèn, yon demach ki mete fen nan epòk kote Nancy Pelosi tap dirije a.

Sa vle di chanm depite ameriken an pral sou kontwòl depite nwa Hakeem Jeffries. Jeffries, ki gen 52 zan e ki reprezante yon sikonskripsyon eta New York nan kongrè a te poze kandidati li kòm lidè minorite demokrat la pou 2 ane kap vin la yo.

Li te eli deye pot femen a l inanimite pou l tounen premye afriken ameriken ki okipe yon pòs lidèchip nan chanm reprezantan an oubyen sena Etazini an.

Li pran angajman pou’l dirije yon kokis ki pral retounen pouvwa a bay manm komite yo epi bay jèn palmantè plis vwa o chapit nan lejislasyon yo e pèmèt yo okipe pòs kap ba yo anpil viziblite.

Nan lèt depite Jeffries voye bay tokay demokrat li yo, li di nap site “ opòtinite pou travay sou preparasyon lwa ak posiblite angajman piblik , se yon bagay nou pare pou distribiye bay depite demokrat yo, kèlkeswa kantite tan yo ta genyen kòm lejislatè nan kongrè-a."

XS
SM
MD
LG