Accessibility links

Breaking News

Biden, Demokrat yo Lanse Jefò pou Entèdi Zam Semi-Otomatik Ozetazini


Foto Achiv: Fizi d aso nan yon magazen nan Auburn, eta Maine.
Foto Achiv: Fizi d aso nan yon magazen nan Auburn, eta Maine.

Prezidan Joe Biden ap sible zam semi-otomatik yo nan jefò lap mennen pou konbat zak vyolans ak zam kap fè ravaj Ozetazini.

Plizyè fwa pandan semèn ki pase yo, epitou semèn sa a apre fiziyad ki dewoule nan eta Colorado ak Vijini, Biden deklare li vle siyen yon lwa pou entèdi zam fann fwa ki gen kapasite pou touye moun pa ban e pa pakèt nan yon ti kras tan.

Yon mezi konsa poko prèt pou apwouve nan yon Kongrè ki pral divize pi plis ane kap vini an.

Sepandan Biden ak Demokrat yo santre atansyon yo sou yon jefò pou kontwole pi plis kalite zam sa yo. Sa ki ka ede yo se ke pap gen okenn konsekans elektoral sou yo pou patisipasyon yo nan jefò sa a. (Nap raple ke lobby pwo zam nan gen anpil pouvwa Ozetazini, e anpil politisyen konn pè enève yo ak pawòl kont dwa sitwayen Ameriken genyen pou achte zam, ki se yon bagay ki nan konstitisyon Etazini).

Kounyea, prezidan an ak Demokrat nan Kongrè a gen konfyans yo ka fè pwogrè nan direksyon prezante yon pwojè lwa ki mete plis restriksyon sou posibilite pou senp sitwayen achte kalite zam sa yo.

XS
SM
MD
LG