Accessibility links

Breaking News

Lapolis Arete Moun Ki Fiziye 3 Jwè Foutbòl Inivèsite Vijini


Jwe foutbol Inivesite Vijini ki mouri nan yon fiziyad Dimanch 13 Novanm: (goch a dwat) Devin Chandler, Lavel Davis Jr. ak D'Sean Perry.
Jwe foutbol Inivesite Vijini ki mouri nan yon fiziyad Dimanch 13 Novanm: (goch a dwat) Devin Chandler, Lavel Davis Jr. ak D'Sean Perry.

Lapolis mete anba kòd, yon etidyan yo sispek tire e touye 3 manm ekip foutbòl Inivesite Vijini an nan moman yo tap tounen nan lekòl la apre yon vwayaj.

Gen 2 lòt etidyan ki blese.

Fiziyad la fet tou pre yon garaj e li te lakoz yo te femen inivesite a net pandan nwit la pandan lapolis tap chache sispek la.

Otorite yo aprann nan mitan jounen an ke lapolis te arete sispek la, Christopher Darnell Jones Jr. 22 zan.

Fiziyad la fet ve 10:15 Dimanch swa, nan moman yon otobis charter ki te chaje ak etidyan tap tounen nan Inivesite a apre yo te finn we yon pyes teyat nan Washington.

XS
SM
MD
LG