Accessibility links

Breaking News

3 Moun Mouri nan yon Fiziyad nan Inivèsite Vijini


Lapolis nan vil Charlottesville sekirize sen kote yon fiziyad te fet byen ta Dimanch swa nan Inivesite eta Vijini, 14 Nov. 2022.
Lapolis nan vil Charlottesville sekirize sen kote yon fiziyad te fet byen ta Dimanch swa nan Inivesite eta Vijini, 14 Nov. 2022.

Otorite Ameriken yo di 3 moun mouri nan yon fiziyad nan yon garaj Inivèsite Vijini e gen 2 lòt ki blese. Lapolis ap chache sispèk la ki se yon etidyan.

Inivèsite a anile klas yo lendi e pat gen oken elèv ki tap sikile deyò pandan lapolis tap chache etidyan yo kwe ki responsab la e ke Prezidan Inivèsite a idantifye kòm Christopher Darnell Jones Jr.

Nan yon let li pibliye sou rezo sosyal yo, Ryan deklare fiziyad la fèt vè 10:30 Dimanch swa.

Lapolis inivèsite a pibliye yon anons sou entènet kote li di gen plizye ajans polisye, ak lapolis eta Vijini kap chache sispèk la, ke yo konsidere tankou yon moun ki ame ak danjre.

XS
SM
MD
LG