Accessibility links

Breaking News

Fiziyad: Distri Lekòl Uvalde Revoke Chèf Lapolis la


TEXAS-TIROTEO
TEXAS-TIROTEO

Chèf polis distri lekòl Uvalde jwen revokasyon l apre plizyè akizasyon komkwa ke li te fè plizyè erè tatikal pandan fiziyad ki te koze lanmò 19 elèv ak 2 pwofesè.

Konsèy administrasyon distri lekòl a te di Mèkredi ke yo vote pou revoke Pete Arredondo.

Misye te fè fas ak anpil kritik depi apre masak 24 me a nan lekol primè Robb Elementary School nan Uvalde, nan eta Texas. Ofisye yo ki te ame ak fizi te rete tann nan yon koulwa lekòl la pou plis pase inèdtan avan yo te fè yon entèvansyon pandan ke moun ak zam mal entansyone tap tire sou moun nan lekòl la.

Arredondo te eseye defann aksyon li yo jou sa, devan yon komite nan palman Texas kote li deklare ke li pat konsidere tèt li kòmandan an chèf ki te prezan sou sèn krim nan.

XS
SM
MD
LG