Accessibility links

Breaking News

Responsab Lekòl Yo ap Gen Yon Bouton Panik Nan Ka Ta Gen Yon Moun ak Zam ki Antre nan Etablisman an


Back to School Panic Buttons
Back to School Panic Buttons

Otorite nan lekòl Ameriken ap gen sou yo sa yo rele yon bouton panik ki voye mande èd ak asistans si ta gen yon fiziyad nan youn nan lekòl yo.

Desisyon sa rive nan yon moman kote responsab lekòl yo tap chache rasire paran timoun ki gen enkyetid sou sekirite pitit yo andedan etablisman yo apre dènye masak ki te fèt nan yon lekòl nan Uvalde, Texas.

Bouton panik sa yo obligatwa nan plizyè eta nan peyi a.

Manman yon viktim fiziyad Parkland, Florid ankouraje bouton yo. Dapre li chak segonn enpòtan lè gen yon trajedi konsa ki met pye.

Men, kèk ekspè ki jere koze sekirite lekòl soulve enkyetid yo, yo di ke lekòl yo ap fè on pakèt bagay pou rasire paran yo, pandan y ap neglije sa yo rele pwoteksyon debaz tankou asire anplwaye yo fèmen pòt yo.

XS
SM
MD
LG