Accessibility links

Breaking News

Kliyan yon Nightklub nan Colorado Bat yon Bandi ak Pwòp Zam ni


Elijah Newcomb, moun Colorado Springs depoze fle devan yon nightklub pou omoseksyel nan Colorado kote te gen yon fiziyad, 20 Nov. 2022.
Elijah Newcomb, moun Colorado Springs depoze fle devan yon nightklub pou omoseksyel nan Colorado kote te gen yon fiziyad, 20 Nov. 2022.

Majistra vil Colorado Springs deklare sete yon zak
ewoyism enkwayab" le moun ki te nan yon bar pou omoseksyel yo te anpeche yon bandi ak zam atake yo.

Majistra John Suthers deklare nan pwogram televizyon "Today" chen televizyon NBC ke fiziyad la sanble sete yon krim rayisman. Men li ajoute ankete yo dwe gade rezo sosyal yo ak lòt enfòmasyon anvan yon di kisak te motive li.

Suthers te di Associated Press anvan sa ke fiziyad la te ka pi trajik toujou si moun nan klub la pat enteveni.

Gen 5 moun ki mouri e 25 blese nan Club Q Samdi swa.

Lapolis idantifye sispek la kòm Anderson Lee Aldrich, 22 zan.

XS
SM
MD
LG