Accessibility links

Breaking News

Blinken Kritike Entèdiksyon Brasa FIFA a


Sekrete d Eta Etazini Antony Blinken (mitan a goch) ak Minis Afe Etranje Qatar, Mohammed Bin Abdulrahman Al Thani (mitan a dwat) anvan yon konferans pou lapres nan Klib Diplomatik la nan Doha, Qatar, 22 Nov. 2022.
Sekrete d Eta Etazini Antony Blinken (mitan a goch) ak Minis Afe Etranje Qatar, Mohammed Bin Abdulrahman Al Thani (mitan a dwat) anvan yon konferans pou lapres nan Klib Diplomatik la nan Doha, Qatar, 22 Nov. 2022.

Diplomat pi wo plase Etazini an kritike Madi desizyon FIFA pran pou menase jwè nan Mondyal la ak kat jon si yo mete brasa ki apiye enklizyon ak divèsite.

Antony Blinken, Sekrete d Eta Etazini te pran la pawol bo kote tokay Kataryen li an pandan yon konferans pou la près.

"Se yon bagay ki bay ke sote le nou we yap mete baboukèt sou libète ekspresyon. Sitou lè nap pale de ekspresyon an favè divèsite ak enklizyon."

Blinken te pran la pawol nan Klib Diplomatik Doha a.

Li ajoute:

"Omwens nan opinyon pa mwen, pèsonn kap patisipe nan yon match foutbol pata dwe chwazi ant apui pou prensip sa yo ak jwe pou seleksyon nasyonal la."

FIFA poko reyaji sou komantè Blinken nan.

Nap raple ke kèk hè'd tan anvan premye jwè ki te gen entansyon mete brasa pou apiye kanpay "One Love" la tapral monte sou teren foutbol la Lendi, oganizasyon mondyal foutbol la te lanse avètisman pou di, tout jwe ki oze mete brasa pandan yap jwe nan match pral resevwa tou suit kat jon. Si yon jwè resevwa 2 kat jon, yo ka ekspilse li nan match lap jwe ak ak pwochen match ekip la.

Okèn jwè pat mete brasa "One Love" la Lendi, malgre gen 7 ekip Ewopeyen ki te gen entansyon fè sa anvan tounwa a te tanmen.

XS
SM
MD
LG