Accessibility links

Breaking News

Vis Prezidan Etazini Harris Diskite sou Ayiti ak PM Kanadyen Trudeau


Foto Achiv: Vis Prezidan Etazini Kamala Harris ak Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau.
Foto Achiv: Vis Prezidan Etazini Kamala Harris ak Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau.

Dapre enfòmasyon Lamezonblanch bay jounalis yo, Vis Prezidan Etazini, Kamala Harris rankontre Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau separeman pandan yo tap asiste rankont o somè lidè Azyatik yo, ASEAN.

Lamezonblanch fè konnen Harris ak Trudeau diskite sou kowoperasyon ant 2 peyi yo sou divès kestyon rejyonal ak global.

Yo te diskite tou sou sityasyon Ayiti. Lamezonblanch di Harris ak Trudeau diskite sou enpòtans lidèship entènaysonal pou apiye pèp Ayisyen an.

Enfòmasyon pou repotaj sa a soti nan Reuters

XS
SM
MD
LG