Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Nasyonzini Pral Vote Sou Yon Rezolisyon ki di Larisi Dwe Peye Reparasyon


APTOPIX UN Security Council
APTOPIX UN Security Council

Asanble Jeneral Nasyonzini an gen entansyon fé yon vòt Lendi sou yon rezolisyon ki ta mande pou Larisi peye reparasyon pou vyolasyon lwa entènasyonal lè li anvayi Ikrèn.

Ajans nouvel Associated Press di rezolisyon an madi ta mande pou etabli "yon mekanis entènasyonal pou fè Larisi peye reparasyon pou domaj, pèt oswa blesi ki fè nan o" ki soti nan "akt mal" Larisi a kont Ikrèn.

Se 193 nasyon manm asanble a ki ta kreye yon " rejis entènasyonal" e ki pral vote pou reklame pou ris yo peye pou domaj yo.

Pouvwa veto ke Larisi genyen sou Konsèy Sekirite a taka bloke nenpòt aksyon ke konsey la ka pran sou lagè a, men nan nivo asamble jeneral la, li paka bloke vòt la malgre li gen dwa veto.

XS
SM
MD
LG