Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy di Peyi-li Pare pou Negosye ak Moskou


putin zelensky
putin zelensky

Anvan li pale ak lidè mondyal-yo nan yon somè sou chanjman klimatik jodi madi-a, Prezidan Ikrèn-nan di peyi-li anvi konsidere fè vrè negosyasyon ak LaRisi.

Zelenskyy di peyi-li rete ouvè pou chita-koze ak Moskou si li retabli fwontyè Ikrèn-yo, si li konpanse moun ki viktim envazyon an, e si gen efò pou fè moun ki komèt move zak-yo pran responsablite-yo.

Prezidan-an fè kòmantè sa-yo apre yon repòtaj jounal Washington Post ki di Etazini te vle pou Ikrèn moutre volonte pou-l fè chita-koze. Se volonte sa-a, dapre atik-la, ki ta ranfòse sipò entènasyonal pou Kyèv.

Chef Konsèy Sekirite Nasyonal ak Defans Ikrèn-nan, Oleksiy Danilov, di: « prensipal kondisyon » pou yo fè konsiderasyon sa-a, fòk ta gen « garanti » ke Ikrèn ap jwenn defans aeryen modèn, avyon, tank ak misil ki tire lwen, e li lanse yon apèl pou asistans entènasyonal san rete.

XS
SM
MD
LG