Accessibility links

Breaking News

Biznisman Ris Yevgeny Prigozhin Admèt Li Konn Entèfere Nan Eleksyon Ameriken


Yevgeny Prigozhin e Vladimir Putin (Setembro 2010)
Yevgeny Prigozhin e Vladimir Putin (Setembro 2010)

Biznisman ris Yevgeny Prigozhin ki gen bon relasyon ak Putin admèt ke li konn entèfere nan eleksyon ameriken.

Yo rekonèt Prigozhin tankou "Chef Putin nan" akòz li konfime pou premye fwa yon akizasyon ke li pase plizyè ane ap rejte.

Nan yon teks li pibliye sou yon platfòm rezo sosyal Ris, Prigozhin te di: "Nou te entèfere, nou ap entèfere epi nap kontinye entèfere."

Remak sa yo te fèt nan moman kote eleksyon mitan manda yo ap fèt Ozetazini.

Prigozhin ak plizyè lòt ris te jwenn akizasyon an 2018 paske yo te opere yon kanpay sou rezo sosyal kote yo te vize divize opinyon piblik Ameriken an anvan eleksyon prezidansyèl 2016 la.

XS
SM
MD
LG