Accessibility links

Breaking News

Venezyela: Prezidan Pwovizwa Guaido Mande Prezidan Maduro "Chwazi Yon Dat" Pou Eleksyon Prezidansyèl la


Nicolás Maduro
Nicolás Maduro

Lidè opozisyon an Juan Guaido, ke anpil peyi rekonèt kòm prezidan pwovizwa peyi Venezyela, te sipliye jedi pou otorite elektoral ki responsab kalandriye pwochen eleksyon prezidansyèl yo, ki pwograme pou 2024, fikse dat vòt la.

"Yo dwe konprann ke pèp Venezyelyen an vle eksprime vwa li, ke Venezyelyen yo pral eksprime vwa yo nan eleksyon an," Guaido te deklare devan Konsèy Nasyonal Elektoral la (CNE) nan Caracas. Pizyè santèn patizan te akonpaye l.

Li te di: " Prezidan Nicolas Maduro fikse dat eleksyon an, nou pare pou batay sou tout teritwa nasyonal la. Sispann fè bak, bay dat eleksyon an".

Advèsè li a, ki pa endike si li gen entansyon kandida pou prezidan ankò, te nan tèt yon mach nan lari Caracas nan kad yon kanpay pou mande "eleksyon lib e jis".

Opozisyon venezuelyen an ap travay depi plizyè mwa pou l òganize primè pou detèmine kandida ki pral fè fas ak Maduro.

XS
SM
MD
LG