Accessibility links

Breaking News

Venezuela Boukante 7 Ameriken pou Fanmi Maduro


Foto Achiv: Ameriken Venezyela te femen nan prizon.
Foto Achiv: Ameriken Venezyela te femen nan prizon.

Gouvènman Venezyelyen an boukante 7 Ameriken li te fèmen nan prizon pou libersyon 2 neve madanm Prezidan Nicolas Maduro ke Etazini te fèmen nan prizon depi plizye zane anba akizasyon trafik dwòg.

Echanj Ameriken yo - pami yo 5 responsab yon konpayi petwòl ki te fèmen nan prizon nan Venezyela depi prèske 5 an, se pi gwo boukantay sitwayen administrasyon Biden nan janm fè.

Li se yon demonstrasyon ra bon volonte bò kote Maduro, nan moman lap chache retabli relasyon ak Etazini apre pi fò opozan li yo finn disparèt.

Mezi sa a vini tou apre plizyè mwa negosyasyon an sekrè, kote yon negosyate wo plase Ameriken te fè plizyè vizit nan Venezyela pandan ane ki pase a.

XS
SM
MD
LG