Accessibility links

Breaking News

Jèn Chantè K-Pop ak Aktè Sid Koreyen Lee Ji-Han Pami Viktim Ensidan Halloween Seoul la


Moun kap pote dey pou viktim ensidan kote anpil moun mouri pandan yo tap fete Halloween depoze fle nan memwa yo nan zon kote ensidan an rive a, nan Seoul, Kore di Sid, Lendi 31 Oktob, 2022.

Chantè K-Pop e aktè Sid Koreyen Lee Ji-han pami viktim yo nan ensidan Halloween Seoul la. Plis pase 153 moun mouri nan yon riyèl kote twop moun te ye Samdi swa nan yon katye kote jenès la konn al pran plezi nan kapital Sid Koreyèn nan.

Ensidan an rive nan katye ki rele Itaewon nan. Temwen yo di sete yon veritab lanfè lè moun te tonbe youn sou lot "tankou domino".

Yon deklarasyon 2 ajans ki te reprezante Lee Ji-han pibliye yon deklarasyon ki rann omaj a vedèt la ki te gen 24 an, e ke yo dekri tankou yon moun ki gen "kè kontan e ki onèt ki te toujou ap souri epi janti ak moun."

Lee te vin gen renome apre li parèt nan pwogram televizyon Sid Koreyen "Produce 101" antanke mizisyen epi apre sa li te jwenn siksè kom aktè.

XS
SM
MD
LG