Accessibility links

Breaking News

Nouvo PM Britanik la Rishi Sunak:"Ikrèn Dwe Genyen Lagè a"


Nouvo Premye Minis Britanik la Rishi Sunak nan premye diskou li devan biwo li, Downing Street denonse "lagè " ke Larisi ap mennen nan Ikrèn, e li pwomèt pou peyi l kontinye bay Kiev Sipò li.

Sunak di: "Mwen konprann ki jan moman sa yo difisil. Apre li te koute nou dè milya de liv pou nou te goumen kont Covid, apre tout boulvèsman maladi sa te lakòz, e kounya nou nan mitan yon lagè terib ki dwe fini avek siksè an favè Ikrèn, mwen byen konprann ki jan bagay yo difisil. E mwen konprann tou ke mwen gen anpil bagay pou m fè pou retabli konfyans nou apre tout sa ki te pase."

Rishi Sunak tounen premye minis Angletè apre Wa Charles III mande li fòme yon gouvènman.

Sunak rankontre wa a nan palè Buckingham nan Madi.

XS
SM
MD
LG