Accessibility links

Breaking News

Larisi Pran òfelen Ikrenyen epi Leve yo Kòm Timoun Ki Fèt Nan Larisi


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Yon envestigasyon Associated Press te jwenn ke Larisi ap itilize yon estrateji kote li pran òfelen nan peyi Ikrèn, e leve yo nan peyi l kòm Ris natif natal.

Se youn nan pi gwo pwoblèm ke lagè a kreye. Ankèt la te baze sou plizyè douzèn entèvyou yo te fè ak paran, plizyè ofisyèl ak timoun nan Ikrèn ak tou peyi Larisi.

Yo te jwenn ke ofisyèl yo te depòte dè milye de timoun Ikrenyen nan Larisi oswa nan teritwa Ris yo san konsantman. Dapre ankèt la otorite yo te ba yo manti, e fè yo konprann ke paran yo pa vle yo ankò, e yo te remèt yo bay fanmi Ris, epi yo ba yo sitwayènte Ris.

Ekspè yo di se yon estrateji ki kapab soti direkteman anba lòd Prezidan Vladimir Putin.

XS
SM
MD
LG