Accessibility links

Breaking News

Ekriven Franse Annie Ernaux Ranpote Pri Nobel Literati a


Foto Achiv: Ekriven Fransez Annie Ernaux, 17 Mas 2019.
Foto Achiv: Ekriven Fransez Annie Ernaux, 17 Mas 2019.

Ekriven fransez Annie Ernaux ranpote pri Nobel Literati a ane sa a.

Akademi Swedwaz la di li rekonet Ernaux, ki gen 82 zan, pou kouraj li demontre nan zev li yo.

Ernaux se youn nan ekriven franse yo pi onore e li se yon feminis.

Li ekri plis pase 20 liv - pafo nan yo kout anpil, kote li rakonte evenman ki pase nan lavi li ak moun nan vwazinaj li nan Normandy ki sitye nan nodwest la Frans.

Liv li yo rakonte istwa relasyon seksyel, avotman, maladi epi lanmo paran li.

Direkte Pri Nobel Literati a di li ekri sou bagay okenn lot moun pa rakonte nan liv li yo.

Ernaux se selman 17em fanm pami 119 loreya pri Nobel Literati a.

Akademi a va anonse loreya Pri Nobel Lape a, Vandredi.

XS
SM
MD
LG