Accessibility links

Breaking News

3 Savan Ranpòte Ansanm Pri Nobel Syans Fizik la


Foto Achiv: Yon meday Nobel pandan yon seremoni nan Nouyok, Madi 8 Desanm 2020.
Foto Achiv: Yon meday Nobel pandan yon seremoni nan Nouyok, Madi 8 Desanm 2020.

3 Savan ranpòte ansanm Pri Nobel Syans Fizik la pou travay yo sou enfòmasyon kantik ki ka aplike nan domèn enpòtan tankou pa egzanp chifman.

Franse Alain Aspect, Ameriken John F. Clauser epi Otrichyen Anton Zeilinger ranpòte pri a dapre Akademi Wayal Swedwaz pou Lasyans la pou dekouvèt yo sou kijan patikil moun paka wè kapab lye youn ak lòt menm lè yo separe pa yon gwo distans.

Yo pral pataje 10 Milyon kronor Swedwa (swa preske $900,000) ke yo va resevwa 10 Desanm.

Lajan an soti nan yon fon ke envantè Swedwa Alfred Nobel, ki te mouri an 1895 te rezève lè li te kreye pri sa a.

XS
SM
MD
LG