Accessibility links

Breaking News

Biden Pami Dè Milye Moun ki Rann yon Dènye Omaj a Rèn Elizabeth II


Prezidan Joe Biden pale apre li finn siyen yon liv kondoleyans nan Lancaster House nan Lond, apre lanmo ren Elizabeth II, Dimanch 18 Sept. 2022, li gen bo kote'l premye dam Jill Biden.
Prezidan Joe Biden pale apre li finn siyen yon liv kondoleyans nan Lancaster House nan Lond, apre lanmo ren Elizabeth II, Dimanch 18 Sept. 2022, li gen bo kote'l premye dam Jill Biden.

Prezidan Etazini Joe Biden rann yon dènye omaj a Rèn Elizabeth II Dimanch, kote li pase bò kote sèkèy li nan moman dè milye polisye ak plizyè santèn twoup Britanik ak yon gwo gwoup responsab tap fè preparasyon final pou fineray nasyonal rèn nan.

Fineray la Lendi, nan Westminster Abbey ap yon demonstrasyon espektakilè dèy nasyonal epi pi gwo rasanbleman lidè mondyal ki fèt depi plizyè zane.

Prezidan Biden te fè siy la kwa epi mete men ni sou kè li pandan li te kanpe an silans devan sèkèy la nan Westminster Hall, yon lye istorik Britanik ki egziste depi 900 zan.

Dè milye moun ap defile devan sèkèy rèn nan. Otorite sipoze fèmen ke a Dimanch.

Wa Charles III te oganize yon resepsyon pou chèf d eta yo ak lòt lidè Dimanch swa nan Palè Buckingham.

XS
SM
MD
LG