Accessibility links

Breaking News

Prezidan Joe Biden pran Direksyon Angletè pou Asiste Fineray Rèn Elizabeth II


Prezidan Biden salye moun anvan li monte nan avyon prezidansyel la, Air Force One, ak premye dam Jill Biden pou al nan vil Lond, Samdi 17 Sept. 2022.
Prezidan Biden salye moun anvan li monte nan avyon prezidansyel la, Air Force One, ak premye dam Jill Biden pou al nan vil Lond, Samdi 17 Sept. 2022.

Prezidan Joe Biden vwayaje nan La Grand Bretay pou asiste fineray Rèn Elizabeth II nan yon peryod tranzisyon nan relasyon ant Etazini ak Angletè.

Angletè gen yon nouvo monak ak yon nouvo premye minis.

Evolisyon Premye Minis Liz Truss, ki te dekri relasyon ant Etazini ak Grand Bretay tankou "espesyal men pa esklizif", takapab make yon nouvo chapit nan relasyon bilateral yo ak komès kap fèt ant 2 pey yo.

Youn nan gwo kè sote responsab administrasyon Biden yo genyen se mezi gouvènman Truss la pran pou kraze kèk pati antant komèsyal li te siyen ak Irland di No apre Brexit la - setadi separasyon Grand Bretay ak Kominote Ewopeyen an. Analis yo di atitid sa a taka minnen lapè nan Irland di No.

Pot pawol Lamezoblanch la, Karine Jean-Pierre di mezi a pap kreye yon anviwonman pwopis pou jwenn yon antant komèsyal yap tann depi lontan ant Etazini ak Angletè e ke Truss ak pati konsèvatè li a di se yon priyorite pou li.

XS
SM
MD
LG