Accessibility links

Breaking News

Etazini ap Voye $3 Milya Asistans Bay Ikrèn


Foto Achiv: Yon Serjan Aviyasyon Etazini ap tcheke zam Etazini pral voye bay Ikren, 29 Avril 2022.
Foto Achiv: Yon Serjan Aviyasyon Etazini ap tcheke zam Etazini pral voye bay Ikren, 29 Avril 2022.

WASHINGTON (AP) — Ofisyèl Ameriken yo di kòm gè peyi Russie sou Ikrèn la ap trennen, yo deside kenbe Èd Sekirite yo ap bay Ewòp la nan yon pwogram alontèm e sa pral lakoz plis twoup militè Ameriken rete nan zòn Ewòp la nan lavni.

Yo fè konnen nouvo program èd sa yo pral anonse a, gen ladan anviwon yon lòt 3 milya dola anplis pou antrene fòs Ukrenyen yo epi ba yo bon jan ekipman pou batay nan ane k ap vini yo.

Yo ta dwe anonse Èd sa a Mèkredi, ki ap fè 6 mwa jou pou jou depi gè a tanmen a epi ki se tou fèt Endepandans peyi Ikrèn.

Lajan an pral finanse kontra pou dron, zam ak lòt ekipman ki ap rive sou teren ant 1 an ak 2 zan.

XS
SM
MD
LG