Accessibility links

Breaking News

Sitwayen nan Moskou Rann yon Dènye Omaj ak Jounalis Darya Dugina


Flowers and candles are placed next to a portrait of Darya Dugina in Moscow
Flowers and candles are placed next to a portrait of Darya Dugina in Moscow

Plizyè santèn moun te al rann yon omaj bay pitit fi Ris ke yo konsidere kom sèvo "Politik Putin". Moskou blame sevis ranseyman Ikrenyen an pou zak sa.

Darya Dugina, se yon jounalis ki gen 29-an ki ap travay ak yon chanèl televizyon nasyonalis Ris, li te mouri lè yon aparèy eksplozif ke kriminèl yo tap kontwole adistans te ekspoze machin li samdi swa.

Dapre otorite lokal yo, se papa l ', Alexander Dugin, yo tap eseye touye.

Dugin se yon filozòf, ekriven ak teyorisyen politik ki sipòte desizyon Prezidan Ris la Vladimir Putin pran pou voye twoup al mennen yon operasyon militè nan Ikrèn.

Nan yon seremoni orevwa pou pitit fi li a Madi, Dugin te di ke li te "mouri pou pèp la, li mouri pou Larisi."

XS
SM
MD
LG