Accessibility links

Breaking News

LaRisi akize Sèvis Espyonaj Ikrèn-nan pou Eksplozyon ki Touye Pitit Fi Gwo Sèvo pou Ideoloji Nasyonalis Ris-la


Russia Nationalist Killed
Russia Nationalist Killed

Ajans LaRisi pou kontre espyonaj akize ayè lendi-a sèvis espyonaj Ikrèn-nan pou eksplozyon oto pyeje ki te touye pitit fi yon gwo sèvo pou ideoloji nasyonalis ris-la, e tou le 2 se sipòtè solid envazyon Prezidan Vladimir Putin nan Ikrèn nan.

Sèvis Sekirite Federal LaRisi (FSB), prensipal ajans ki ranplase KGB a, fè konnen asasinay ki fèt samdi-a sou Daria Dugina ki gen 29 lane, pitit fi Alexander Dugin, se sèvis espesyal Ikrèn ki te « prepare e ekzekite-l. »

Pèsonn pa revandike repsonsablite pou asasina a. Dimanch, konseye prezidansyèl Ikrèn, Mykhailo Podolyak, te demanti ke Ikrèn te gen okenn patisipasyon nan eksplozyon oto pyeje-a.

Men nan yon kominike, FSB akize yon sitwayen Ikrèn, Natalya Vovk, kòmkwa li te fin lanse atak ak bonm epi li pran pitit fi-l ki gen 12 lane, e jete kò-l nan Estoni.

Dapre ajans sekirite ris-la, Vovk ak pitit fi-li te rive nan LaRisi an Jiyè e te lwe yon apatman nan bilding kote Daria Dugina te rete pou li te ka swiv li. Ajans-la di 2 Ikrènyen te nan festival nasyonalis-la, kote Alexander Dugin ak pitit fi-li te nan piblik-la, yon ti moman anvan oto pyeje-a te sote.

XS
SM
MD
LG