Accessibility links

Breaking News

Putin Denonse Lanmò Pitit Fi Yon Filozòf Ris


RUSSIA-CARBOMB/
RUSSIA-CARBOMB/

Prezidan Ris Vladimir Putin Lendi denonse "krim" ki fèt apre pitit fi yon ideolojis ris ki apiye lagè Larisi nan Ikrèn te mouri nan eksplozyon yon machin. Otorite Ris yo lonje dwèt sou Kyev.

Putin te di nan yon mesaj kondoleyans ke Kremlin an te pibliye bay fanmi jenn fi a "Sa se yon krim mechan ki te fini prematireman lavi Daria Dugina, yon moun ki te briyan e ki te gen talan ki gen yon kè ki vrèman chita nan kilti Ris la"

XS
SM
MD
LG