Accessibility links

Breaking News

Larisi Blame Ikrèn pou Machin Pyeje ki Touye Pitit Fi Nasyonalis la


Nan foto sa a ke Komite Envestigativ Larisi distribye bay lapres, ankete ap egzaminen lye kote machin pyeje Daria Dugina a sote andeyo Moskou, 21 Out 2022.
Nan foto sa a ke Komite Envestigativ Larisi distribye bay lapres, ankete ap egzaminen lye kote machin pyeje Daria Dugina a sote andeyo Moskou, 21 Out 2022.

Ajans kont-entelijans Larisi a blame ajans espyonaj Ikrenyen yo pou asasina pitit fi nasyonalis ak ideyològ Ris la.

Sèvis Sekirite Federal Larisi a deklare Lendi asasina Darya Dugina se yon kou "sèvis espesyal Ikreyenyen yo prepare ak egzekite."

Dugina sete pitit fi Alexander Dugin. Misye se yon nasyonalis ak ideyològ Ris kèk moun nan l'Oksidan dekri tankou "sèvo Putin."

Larisi deklare se yon sitwayen Ikrenyen ki kite Larisi pou ale Estoni ki komèt asasina a.

Ikrèn bò kote pa li demanti li gen anyen pou'l wè ak asasina a.

XS
SM
MD
LG