Accessibility links

Breaking News

Chèf LONU an Mande Pèmi pou Enspektè Entènasyonal Al Vizite Izin Nikleyè Zaporizhia a, nan Ikrèn


Nan foto sa a ke Ministe Defans Ris la distribye bay lapres, nou we Santral Nikleye Zaporizhzhia a, 7 Out, 2022.
Nan foto sa a ke Ministe Defans Ris la distribye bay lapres, nou we Santral Nikleye Zaporizhzhia a, 7 Out, 2022.

Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyonzini an, Antonio Guterres, lanse apèl pou otorite konsène yo kite enspektè entènasyonal al tcheke izin nikleyè Zaporizhia a, apre gouvènman Ikrèn ak Larisi lanse akizasyon kote youn di se lòt la ki te lanse gwo koutzam lou sou izin nan nan jou ki pase yo.

Misye Guterres, ki t ap bay yon konferans poulaprès nan Tokyo, Japon, sou dosye a, deklare nenpòt ki atak sou izin nikleyè a reprezante “yon aksyon suisid.”

Yon fason pi elaji, chèf lONU an ajoute: “Mwen gen kèsote devan posiblite pou lagè a nan Ikrèn tounen yon konfli long, sa ki ta kapab genyen konsekans negatif sou ekonomi mondyal la e sou kondisyon lavi moun ki pi vilnerab yo espesyalman.”

Sekretè Jeneral la fini pa di Nasyonzini kontinye travay avèk Peyi Tiki sou posiblite pou negosaysyon lapè ta komanse ant Larisi ak Ikrèn; sepandan tout efò nan sans sa pa p pote rezilta rapid akoz konpleksite konfli a.

XS
SM
MD
LG