Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini: 234 Moun Pèdi Lavi yo nan Site Solèy Ant 8 ak 12 Jiyè


Samedi, Nasyonzini anonse ke gen omwens 234 moun ki jwenn lanmò yo oswa blese nan dat 8 Jiyè pou rive 12 Jiyè nan kapital la. Sitwayen sa yo te viktim zak vyolans gang ki anvayi Site Solèy, youn nan komin ki pi defavorize yo, nan Pòtoprens.

Dapre deklarasyon Biwo Komisyonè a fè "Pifò nan viktim yo pa dirèkteman gen rapò ak gang yo men gang yo te vize yo, e biwo a fè konnen yo te resevwa tou nouvo enfòmasyon sou vyolans seksyèl ki genyen nan Site a ".

Biwo Komisyonè Nasyonzini pou Dwa Moun, di li anrejistre 934 asasinay, 684 blese. ak 680 kidnaping sou peryòd ki soti nan mwa janvye pou rive fen jen 2022.

XS
SM
MD
LG