Accessibility links

Breaking News

Kiba ap Fè fas ak Rate Gaz Dizèl


Chofe Kiben fe la ke nan yon ponp gaz nan La Havann, Jedi 14 Jiye 2022.
Chofe Kiben fe la ke nan yon ponp gaz nan La Havann, Jedi 14 Jiye 2022.

Gen kèk chofè kap fè la ke depi plizyè jou - pa fwa pandan plis pase yon semèn pou yo ka plen tank yo ak gaz dizèl nan Kiba.

Sanble otorite Kiben yo voye tout gaz la nan santral elektrisite yo olye de ponp gaz yo.

Chofè yo oganize tèt yo gras ak lis epi gwoup yo kreye sou WhatsApp pandan yap tann kamyon petwol yo rive.

Rate a afekte sitou dizèl ke gwo machin lou yo sèvi, ansanm ak otomobil ansyen ki gen motè ki soti souvan nan kamyon ewop de lès yo.

Ekspè yo di yon pati nan pwoblèm nan se ke peyi alye Venezyela redwi kantite petwol li vann peyi a.

XS
SM
MD
LG