Accessibility links

Breaking News

Konsèy Sekirite LONU Apwouve a l Unanimite Renouvèlman Manda BINUH


Foto Achiv: Anbasade La Chin nan Nasyonzini Zhang Jun.
Foto Achiv: Anbasade La Chin nan Nasyonzini Zhang Jun.

Tou le 15 manm Konsèy Sekirite Nasyonzini an vote an favè renouvèlman manda BINUH (Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti).

Se jodi Vandredi 15 Jiyè ke manda BINUH t ap ekspire. Sepandan La Chin, ki gen apwi La Risi te soulve kestyon sou rezolisyon Etazini ak Meksik te pwopoze a.

Anbasadè Chinwa a, Zhang Jun deklare apre vot la rezolisyon an "gen plas pou amelyorasyon, men se yon pa nan bon direksyon an."

La Chin lanse yon pinga tou bay gang yo epi mande yo sispann kreye zizani nan peyi a san pedi tan.

Mesaj li voye bay politisyen Ayisyen yo yo se: Konsey la ap tann "aksyon konkre" kounyea.

Men yon Rezime Vòt sou Rezolisyon Misyon Nasyonzini BINUH ann Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:44 0:00

Rezolisyon ki adopte Vandredi a menase pou pran sanksyon kont gang kriminèl Ayisyen yo ak moun kap derespekte dwa moun, e li lanse apèl bay tout peyi pou yo sispann voye zam nan peyi d'Ayiti.

Rezolisyon an pwolonje pou 12 mwa misyon BINUH a. La Chinn di li pa kontan deske Konsèy la pat enpoze yon anbago zam ofisyèl kont gang yo.

La Chinn te adopte yon atitid pi aktif nan negosyasyon Konsey Sekirite yo fwa sa a, konpare ak sa li konn fè.

Sa ki vekse La Chin se ke Ayiti depi lontan rekonèt souvrènte Taiwan. Gen analis ki di li posib Peken wè tranzisyon politik ki pral fèt ann Ayiti a tankou yon chans pou pran tèt nouvo lidè yo pou yo twoke relasyon diplomatik yo ak Taiwan pou relasyon ak la Chin Kominis pito.

Zhang deklare sèl bagay ki enterese La Chin se ede pèp Ayisyen an ak gouvènman Ayisyen an.

Pou rezolisyon an te pase, fok 9 peyi te vote an favè li epi fòk La Chinn, La Risi, Lèzetazini, La France ak Grand Bretay - pa t poze veto sou li (setadi opoze'l).

Yon rapo Konsèy Sekirite a remèt bay Sekrete Jeneral LONU Antonio Guterres mwa pase a di oganizasyon eleksyon ann Ayiti nan fen ane sa a "pa pwobab." La Chin di li ta renmen pou konsèy la pouse Ayiti pou'l mete'l dakò pou yon tranzisyon politik fèt nan 6 mwa, dapre sa pot pawol misyon Chinwaz la fè konnen.

Korespondan VOA nan Nasyonzuni Margaret Besheer ak Celia Mendoza kontribye a repotaj sa a. Kek enfomasyon soti nan Reuters

XS
SM
MD
LG