Accessibility links

Breaking News

Komisè Gouvènman Pòtoprens Konfime Ladwan Sezi Zam nan yon Kontenè ki te pou Legliz Episkopal


Komise Gouvenman Potoprens la, Jacques Lafontant nan mikwo VOA Kreyol, 14 Jiye, 2022.
Komise Gouvenman Potoprens la, Jacques Lafontant nan mikwo VOA Kreyol, 14 Jiye, 2022.

Komisè Gouvènman Pòtoprens la, Jacques Lafontant konfime yon kontenè ladwan sezi ki gen zam ladann, sete pou legliz Episkopal Ayiti. Moun ki te sipoze vinn resevwa kagezon an se Madan Gina J.L. (Jean Louis) Rolles.

Le nou mande komisè a kiyès Madan Gina ye, li reponn ke se yon moun ki konn vinn dedwane pou legliz la. Kontenè a te soti Etazini.

Komisè Latontant di VOA Kreyòl "nou dekouvri prèske yon 20en zam otomatik. Pami te gen yon am 12 ak 4 am de pwen, avèk plis pase yon santèn 20,000 katouch e nou dekouvri plis pase yon santèn chaje plizyè kalib. "

Facebook: PNH
Facebook: PNH

Lafontant di nou se yon bilan pasyèl sèlman li bay e ke demen maten yap gen pou yo tounen pou kontinye operasyon an.

"Nou sele minisyon sa yo e nou remèt yo bay polis nasyonal," Lafontant ajoute. Li di gen lòt moun ki konsène pa dosye sa a e ke li gen entansyon pousuiv yo ak "la dènye rigè".

Nouvo direktè Ladwan nan, Julcene Edouard objektif li se "fè respekte misyon ladwan, ogmante resèt leta, konbat kontrebann e anpeche pwodwi pwohibe antre sou teritwa a."

Nouvo Direktè Julcène Edouard di li Pare pou Fè Respekte Misyon Ladwan
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:01 0:00

"Nou pre pou nou asime responsabilite nou pou ke misyon sa a ke leta li bay ladwan li asime, nan tout entegralite'l" Edouard deklare. Li lanse apèl bay lòt ògan leta yo pou yo asime responsabilite pa yo tou.

"Nap viv nan yon sityasyon vreman difisil e pou flewo sa a pou'n rive mate'l fòk chak enstans, chak ògan andedan leta a yo asime responsabilite yo," li deklare.

Pandansetan nan Nouyok, La Chin mande Konsèy Sekirite Nasyonzini an pran yon anbago kont zam leje pou Ayiti, sanksyon endividyèl kont chèf gang yo epi menm apiye lide pou yo ta voye yon fos polis rejyonal ann Ayiti pou jere ensekirite a dapre sa kèk sous diplomatik di Agence France Press Jedi.

Mezi sa yo ta enskri nan kad renouvèlman misyon politik LONU an (BINUH) ki sipoze ekspire Vandredi swa - 15 Jiyè.

Peyi ki responsab pou dosye Konsèy Sekirite a, Etazini ak Meksik, pat prevwa pou ale osi lwen nan premye pwojè rezolisyon yo te prezante, pandan negosyasyon ak lot manm yo sou sijè sa a, dapre sa sous la di AFP.

Sanksyon endividyèl yo anvizaje entediksyon vwayaj ak blokaj byen tou, dapre tèks yon pwojè rezolisyon AFP te wè men ki pa definitif.

Kek enfomasyon nan repotaj sa a soti nan AFP.

XS
SM
MD
LG