Accessibility links

Breaking News

Biwo Dwa Moun Nasyonzini an Kritike Zak Vyolans, Abi Dwa Moun Kap Fèt ann Ayiti


Medam sa yo ap vann gaz nan galon plastik nan lari Potoprens, Jedi 14 Jiye 2022.
Medam sa yo ap vann gaz nan galon plastik nan lari Potoprens, Jedi 14 Jiye 2022.

Ajans Nasyonzini yo lanse yon lòt avètisman konsènan zak vyolans ki ogmante ozalantou kapital peyi a, e ki lakoz 99 moun mouri nan batay ant gang rival yo nan Cite Soleil sèlman.

Avètisman sa a ki parèt Samdi, vini kèk hè'd tan apre Konsèy Sekirite a te apwouve yon rezolizyon ki renouvle manda Biwo Entegre Nasyonzini an pou Ayiti (BINUH) pou yon lòt ane.

Ajans imanitè LONU yo di yo pare pou ede Ayiti osito ke gen ase sekirite pou fè sa. Pòt pawòl ajans LONU pou refije yo dekri danje yo: 934 lanmò, 634 blese, 680 kidnapping nan kapital la pandan premye 6 mwa ane a. Gen dè santèn moun ki mouri ou blese nan yon sèl katye mwa sa a.

Pòt pawòl komise dwa moun LONU an, Jeremy Laurence di pi fò viktim yo "pat fe pati gang yo" men gang yo te vize yo.

Laurence lanse aprel bay gang yo pou yo sispann zak vyolans yo e li mande otorite Ayisyen yo pou asire dwa fondamantal sitwayen yo "okipe premye plas nan repons yo ak kriz la. Lit kont enpinite, zak vyolans seksyel, epitou ranfòsman gwoup kap veye abi dwa moun epi rapòte vyolasyon yo dwe rete yon priyorite," misye deklare.

Men yon Rezime Vòt sou Rezolisyon Misyon Nasyonzini BINUH ann Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:44 0:00

Se Etazini ak Meksik ki ekri rezolisyon Konsey Sekirite a apwouve a l'inanimite 15-0 Vandredi. Li mande pou gang yo sispann vyolans la ak aktivite kriminel yo tou suit, ki se yon bagay La Chin te ensiste pou mete nan rezolisyon an.

"Gang yo ki ame jouk nan dan vinn pi sofistike nan aksyon yo, kote yap lanse atak similtane, kowòdone e oganize nan dives zòn," Laurence di.

Misye ajoute gouvenman Ayisyen an gen dewa pou'l pwoteje dwa sitwayen yo genyen pou yo viv ak menas antite prive yo ap fe kont lavi yo.

Ajans LONU yo di gen kek gang ki menm anpeche dlo potab ak manje rive nan katye yo pou kontwole popilasyon an e ke sa vinn rann malnitrisyon an pi grav toujou.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG