Accessibility links

Breaking News

Mekanisyen Irakyen Maysoon Hassan Popilè ak Medam yo


Maysoon Hassan Vre Louvri Pòt bay Lòt Mekanisyèn Tankou'l nan Peyi Irak
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:19 0:00

Maysoon Hassan Vre Louvri Pòt bay Lòt Mekanisyèn Tankou'l nan Peyi Irak

Apre li finn travay nan plizye garaj mekanisyen nan kapital Irakyèn nan Baghdad, Maysoon Hassan, 38 an, deside louvri pwop garaj pa li.

"Nan komansman, moun pat konn anyen sou mwen. Men apre yon lane moun te komanse vini, sitou medam yo ki santi yo alez ave'm," li deklare.

Yon kliyan esplike poukisa li renmen mennen machin ni nan garaj Maysoon nan.

"Paske li se yon fanm youn konprann lot. Noumenm antanke fanm nou paka ale nan sant kote garaj yo ye - onetman. Nou paka negosye ak mesye yo. Isit la nou chita, nou santi nou konfotab. Pandan lap travay, netwaye machinn nan, nou ka tcheke pou we kisa nou bezwen. Mwen toujou mennen machin mwen ranje isit la ak Maysoon," kliyan an esplike.

Hassan komanse aprann metye mekanisyen an ak papa'l le li te tinedjè.

Papa'l finn mouri kounyea, e Maysoon antre ase lajan pou'l jere depans fanmi li.

"Mwen komanse ranje machinn ak papa'm apre sa papa'm te aprann mwen repare mote machin. Premye mote mwen te repare yo sete machin Japone," Maysoon deklare.

Dapre Hassan, plis pase mwatye kliyan li yo se fanm yo ye. Li di li espere li ka devlope garaj la pi plis pou'l ka gen plis mekanisyen fanm kap travay ave'l e konsa lap kapab sevi lis moun.

"Mwen ta renmen gen yon pi gwo garay nan lavni epi plis anplwaye sitou fanm. Paske gen medam ki kapab ranje machin. Yo kapab travay nan dives sevis otomobil tankou poli machin yo etsetera. Mwen konn anpil moun, anpil fanm ki ta renmen travay ave'm epi jwenn yon antre nan metye sa a," li deklare.

XS
SM
MD
LG