Accessibility links

Breaking News

Kèk Atis Pwofite Seremoni Remiz Pri BET a pou Kritike Kou Siprèm Etazini an


Muni Long chante pandan seremoni remiz pri BET yo nan Los Angeles, Dimanch 26 Jyen 2022.
Muni Long chante pandan seremoni remiz pri BET yo nan Los Angeles, Dimanch 26 Jyen 2022.

Aktris Taraji P. Henson, Janelle Monae ak Jazmine Sullivan te pami vedèt ki te kritike desizyon Kou Siprèm nan sou avotman pandan seremoni remiz pri BET yo yè swa.

Henson, ki te anime sremoni an nan vil Los Angeles chante lwanj atis nwa yo pou ekselans yo epi apre sa li te kritike Kou Siprèm nan pou desizyon li pran pou'l ranvèse desizyon istorik Roe v. Wade la ki te legalize avotman toupatou Ozetazini.

"Li le pou'n pale sou reyalite ke zam gen plis dwa pase fanm. Se yon jounen tris pou Lèzetazini," Henson deklare.

Animatris Taraji P. Henson pale pandan seremoni remiz pri BET a, Dimanch, 26 Jyen 2022 nan Los Angeles.
Animatris Taraji P. Henson pale pandan seremoni remiz pri BET a, Dimanch, 26 Jyen 2022 nan Los Angeles.

Se chantez Lizzo ki te louvri sware a ak hit li a "About Damn Time".

Henson te remèsye Lizzo ak konpayi Live Nation ki fè oganizasyon Planned Parenthood kado $1 million. Oganizasyon sa a gen klinik pou medam yo kote yo ka jere pwoblèm sante yo epi fè avotman gratis.

Lizzo chante hit li a "About Damn Time" pandan seremoni remiz pri BET yo, Dimanch 26 Jyen, 2022 nan Los Angeles.
Lizzo chante hit li a "About Damn Time" pandan seremoni remiz pri BET yo, Dimanch 26 Jyen, 2022 nan Los Angeles.

Janelle Monea - yon aktris e chantez te kritike Kou Siprèm nan tou anvan li te entwodwi atis ki ranpote nominasyon pou meye atis R&B ak Pop Feminen an.

"Atis sa yo ap kreye ar jan yo vle, yo aksepte reyalite lavi yo epi eksprime tet yo san yo pa prezante okenn ekskiz bay yon mond ki eseye kontwole e veye ko nou - se ko mwen, se desizyon pa'm," li deklare.

Janelle Monae rann omaj tou a kominote LGBTQ a.

Se Jazmine Sullivan ki pran pri meye atis feminen R&B ak Pop la.

Doja Cat te ranpote plis nominasyon pase tout lot atis yo - swa 6.

Sean "Diddy" Combs ranpote yon pri espesyal pandan seremoni remiz pri BET a Dimanch, 26 Jyen 2022, nan Teyat Microsoft la nan Los Angeles.
Sean "Diddy" Combs ranpote yon pri espesyal pandan seremoni remiz pri BET a Dimanch, 26 Jyen 2022, nan Teyat Microsoft la nan Los Angeles.

Sean "Diddy Combs te resevwa pri pou Bel Akonplisman li reyalize pandan karye mizikal li.

Pami atis ki te chante, gen Lil Wayne, Chance the Rapper, Ella Mai, Roddy Ricch epi Kirk Franklin.

Se akademi elekte BET yo (Black Entertainment Television) ki chwazi loreya yo nan 19 kategori. Akademi sa a gen ladann pwofesyonèl domen televizyon, mizik ak sinema epi fanatik yo.

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG