Accessibility links

Breaking News

Prezidan Meksik, Etazini Pral Rankontre nan Moman gen Tansyon ant 2 Peyi yo


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden rankontre Prezidan Meksiken Andrés Manuel López Obrador nan biwo Oval Lamezonblanch la, 8 Nov. 2021.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden rankontre Prezidan Meksiken Andrés Manuel López Obrador nan biwo Oval Lamezonblanch la, 8 Nov. 2021.

Prezidan Meksiken an Andrés Manuel López Obrador ap vizite Washington Madi pou yon rankon ak Prezidan Joe Biden.

Vizit la vini yon mwa apre López Obrador pat aksepte envitasyon Biden te voye ba li pou asiste Somè dèz Amerik yo nan Los Angeles.

Lidè Meksiken an dekri sipò Etazini ap bay Ikrèn tankou "yon erè gwosye".

Yon lòt kote, otorite Ameriken yo vle pou Lopez Obrador ralanti sou preferans li pou fosil de karbòn.

Relasyon ant Etazini ak Meksik te onèt kote yo te twoke benefis anba administrasyon Trump la. Nan pok la Meksik te sere boulon migran yo e Lèzetazini pat mete presyon sou li sou okenn lòt kestyon.

Kounyea, relasyon ant 2 peyi yo chaje ak dezagreman sou kestyon komès, politik etranje, enèji ak chanjman klimatik.

XS
SM
MD
LG