Accessibility links

Breaking News

Ayiti: 5 Sitwayen La Tiki Gang te Kidnape Jwenn Liberasyon yo


Foto Achiv: Manifestasyon kenbe men pandan yap mande jistis pou Evelyne Sincere, yon elev lise gang kidnape e touye.
Foto Achiv: Manifestasyon kenbe men pandan yap mande jistis pou Evelyne Sincere, yon elev lise gang kidnape e touye.

Gang Ayisyen ki te kidnape sitwayen La Tiki mwa pase a lage 5 otaj li te kenbe yo, dapre yon sous ki byen ranseye sou ka sa a.

Detay sou sikonsans liberasyon Tik yo poko disponib, men mesye yo, ki gen ant 20 ak 26 zan - an bonn sante fizik, dapre sa yon sous di AFP.

Michaelle Durandis, reprezantan konpayi otobis ki tap opere nan zon kote yo kidnape yo anonse anvan sa ke gang la te lage 3 fanm Tik pi bone mwa sa a "paske yo te malad".

8 Me, gwoup la tap vwayaje nan yon otobis ki te soti Repiblik Dominiken pou ale Potoprens le manm youn nan gang pi pwisan peyi d'Ayiti te pran otobis la d'aso. Dapre nouvel yo yo te fek travese fwontye a le sa rive.

12 pasaje ki te abo otobis la sete: 8 sitwayen La Tiki, 3 Ayisyen ak yon Dominiken.

tik yo se manm yon asosyasyon edikasyon ak relijyon dapre Hugues Josue, ki se konsil onore La Tiki ann Ayiti.

2 anplwaye konpayi transpo a - yon otes Ayisyen ak chofe Dominiken an jwenn libete yo yon semen apre kidnapping lan.

Dapre Durandis, gang la te vinn lage 2 pasaje Ayisyen yo pi ta apre yo te peye yon ranson.

XS
SM
MD
LG